#jou5 #atik

Nan yon peyi kote ki gen plis pase onz milyon moun ki pale kreyòl, li plis ke enpòtan pou kreyòl la jwenn plas li nan tout nivo nan sosyete a, se vre Ayiti nou pale (2) lang Kreyòl ak fransè men malerezman se pa tout moun ki kapab kominike nan lang fransè a, e lè sa li t ap enpòtan anpil pou sa pa parèt sou fòm diskriminasyon lè moun nan chwazi pale avè w an kreyòl. Jodi a Ayiti yon moun ka pèdi yon travay jis paske se sèlman kreyòl li konn pale, malgre li gen tout kapasite ak entèlijans pou travay la, men li toujou yon chomè malgre li nan peyi l epi ofisyèlman tout moun konnen nou pale de lang Ayiti, Jodi a li enpòtan pou nou antre lang kreyòl la depi nan fòmasyon timoun nan lekòl pou jis li rive nan dènye nivo nan peyi a, konsa devlopman sosyal la ap ka fèt pi byen, nou kominike an kreyòl nou youn konprann lòt epi nou tout ap avanse san deranje lòt, li lè li tan pou jodi a malgre tout kapasite on moun genyen pou l paka travay a koz li dwe konn pale fransè san erè, li lè li tan menm jan ak tout lang pou kreyòl la jwenn plas li nan biwo leta yo, nan enstitisyon piblik tankou prive yo.

Yon Ayiti meyè ak lang kreyòl epi kilti lakay!


#konkou #kwaaze #kreyòl