#jou4 #tach2 #konkou #kwaaze #kreyòl
📌Yon Légende ke Anpil nan Nou pa Konnen: Omaj pou Maurice Sixto
Maurice Sixto, yon non ki ta dwe make nan kè chak Ayisyen, se te yon pwofon narratè ak vwa san parèy nan istwa ak kilti nou. Li pa t jis yon istoryen oral, men yon atis ki itilize pawòl pou dekri reyalite sosyal Ayiti ak presizyon ak imè. Malerezman, anpil nan nou pa vrèman konnen ki valè travay li te fè ni enpòtans eritaj li nan lavi nou jodi a.
Maurice Sixto te yon mèt nan kont "lodyans", yon stil istwa oral ki melanje imajinasyon ak verite piman bouk. Atravè lodyans li yo, li t ap rakonte lavi chak jou pèp ayisyen an—mizè, espoa, ipokrizi sosyete a—ak yon ironie ki touche kè nenpòt moun k ap koute. Li te konn jwe sou mo ak ekspresyon pou bay lavi pèsonaj yo, tankou "Ti Sentaniz" oswa "Madam Sara," ki toujou rete nan memwa moun ki tande yo.
Sixto pa t gen pè pale sou reyalite difisil tankou esklavaj domestik, k ap devwale atravè istwa timoun restavèk yo, yon fenomèn ki toujou ap malmennen Ayiti. Nan yon tan kote anpil moun te pito fè silans sou pwoblèm sa yo, Sixto te sèvi ak talan li pou fè tout sosyete a reflechi sou move kondisyon moun k ap viv nan majò sin.
Trè souvan, legliz, lekòl, ak menm elik sosyete a konn gade kreyativite lodyans ak mepri, konsidere l kòm bagay frivòl. Men, Sixto, ak senplisite ak verite, te montre nou ke konsyans ak chanjman ka sòti nan nenpòt fòm atistik. Jodi a, nou ta dwe pran yon moman pou rekonèt ke travay li se yon eritaj ki ka sèvi kòm zouti edikasyonèl ak enspirasyon pou jenerasyon kap vini yo.
Maurice Sixto se pa sèlman yon kontè istwa, men yon konseye kiltirèl ke Ayiti te genyen—yon légende ke anpil nan nou pa janm vrèman aprann dekouvri. Se pou mo li yo kontinye ekòte nan zòrèy nou, e se pou memwa li rete vivan nan kè tout Ayisyen.
Mackenzie Laguerre
Tanggalin ang Komento
Sigurado ka bang gusto mong tanggalin ang komentong ito?
Delva Réjouis
Tanggalin ang Komento
Sigurado ka bang gusto mong tanggalin ang komentong ito?
Peter Jefferson Lamotte
Tanggalin ang Komento
Sigurado ka bang gusto mong tanggalin ang komentong ito?
Natacha Boniface
Tanggalin ang Komento
Sigurado ka bang gusto mong tanggalin ang komentong ito?