Jou#4
Istwa ak rasin lang kreyòl la

Selon kèk otè, lang se yon zouti kominikasyon. Lang se yon zouti ideyolojik.

Lang se yon eleman kiltirèl ki reprezante idantite w, walè w antanke moun selon Fanon(ouvraj peau Noire masques Blancs, 1971) poutèt sa li fè konnen pale yon lang se asime yon monn, yon kilti.
Lang kreyòl la pran nesans nan plizyè zile nan karayib la ak nan Oseyan Endyen nan peryòd 17e ak 18e syèk la , sitou nan sosyete kolonyal plantasyon yo.

Te genyen yon divizyon pa zòn lè yo te vini ak esklav yo pou yo anpeche yo konekte se nan menm epòk sa a esklav yo kòmanse mawon epi pran mòn pou yo epi yo kòmanse kominike yo yonn ak lòt se nan menm epòk sa a lang kreyòl la kòmanse pran jarèt oubyen envante.

Lang kreyòl la soti nan Laten kreyòl, espanyòl: criado, nan pòtigè: crio, criado ki vle di moun ki rete ak moun, domestik osnon restavèk. Lang kreyòl la senbolize rezistans paske li fòme nan soufrans pou bay solisyon ak koupe fache nan sistèm esklavajis ki t ap demounize moun nan epòk sila a .

Lang kreyòl la genyen yon fonksyon kiltirèl, li genyen estrikti ki soti nan Lafrik, bò kote Amerendyen yo, Espanyòl (Pòtigè). Ayiti pa sèl grenn peyi ki pale kreyòl men chak peyi ki pale kreyòl devlope l nan fason pa yo. Majorite peyi ki pale lang sa a , yo selebre jounen entènasyonal lang kreyòl chak dènye dimanch nan mwa oktòb - 28 oktòb. Kèk peyi tankou Ayiti, Gwadloup, Matinik, Jamayik, zile Moris, Giyàn Seychèl , elatriye. Chak peyi sa yo pale Yon fòm kreyòl, kote chak lang kreyòl sa yo genyen yon baz leksikal ki depaman youn ak lòt.

image