Mo kreyòl la soti nan franse, kote li ekri créole mo créole la li menm, li soti nan mo Panyòl criollo ak mo Pòtigè crioulo, kote toude soti nan vèb ki se criar (nan sans lelvaj bèt, li vle di kwaze mal ak femèl pou yo fè pitit)[15]. Sans mo kreyòl la te vin kreye nan 16è ak 17è sièk yo, lè peyi Eròp yo te laji kò yo ak koloni sou lòt kontinan yo.

Mo criollo ak crioulo yo, lè moun te fèk kòmanse itilize yo, se te pou fè separe moun ki fèt nan koloni Panyòl ak Pòtigè yo, ak sa ki rive nan koloni nan granmoun. Yo te pèmèt separe españoles criollos (panyòl kreyòl oswa moun ki fèt nan koloni yo men ke zansèt te panyòl) ak españoles peninsulares (panyòl ki soti nan penensil Iberik la, ki gen Espay ak Pòtigal ladan li). Nan Brezil, yo te itilize mo sa yo pou separe negros crioulos (nèg kreyòl oswa moun po nwa ki fèt Brezil ke zansèt yo te esklav) ak negros africanbos (nèg ki te fèt sou kontinan Afrik lan). Apre kèk tan, sans mo sa yo ak lòt mo ki soti nan sous yo (cróle, kréol, kreyòl, kreyol, kriol, krio, elatrye) te chanje. Li vini tounen non yon bann gwoup etnik diferan. Epi “lang kreyòl” vle di “lang ke kominote moun kreyòl yo pale”.Pandan lontan, lang kreyòl yo pa te genyen anpil prestij. Yo te konsidere kreyòl yo tankou se yon lang ki pèdi nanm li, ki pèdi valè li. Yo pat menm konsidere yo tankou lang, plis gro grad yo te bay lang kreyòl se te dialèk. Menm lengwist yo tou, yo te itilize mo kreyòl pou kontrè yon lang. Se komsi nou ta di lang=bon, kreyòl=pa bon.[17]

Lang kreyòl yo pa konpatib ak “modèl-pyebwa” Neyo-grameryen ki te parèt nan 19yèm syèk la. Se yon teyori ki gade yon seri de son nan yon, jan yo sanble, tankou son -f- ak son -v-, epi li fè yon pwopozisyon kote ou gen yon lang ki se rasin, ak son orijinal lan ak kèk lang ki tankou branch, kote mo yo pa sonnen menm jan. Teyori a di ke chanjman son yo fèt nan menm moman an pou tout son ki chanje yo. Lang kreyòl yo pa rantre nan lojik sa si nou konpare yo ak lang ki sous yo an.

Fénomèn dekolonizasyon ki te fèt nan 20è sièk yo te pote anpil chanjman sou plan sosyal, politik, ak akademik. Lang kreyòl yo te pwofite chanjman sa yo pou yo pran yon lòt souf. Kounya, yo komanse plis itilize lang kreyòl yon nan film ak ekri. Yo jwi plis prestij nan sosyete yo soti yo. Lang kreyòl yo komanse standardize epi yo menm itilize yo nan lekòl ak inivèsité nan mond lan. Epi tou, lingwist yo vini aksepte lang kreyòl yo menm jan ak tout lang, kote yo pa konsidere lang keryòl yo tankou yon fòrm inferyè on lòt lang. Kounye a, tout lang, ke lingwis yo sispèk te pase nan stad ke yo rele kreyolizasion an, yo vini tonbe nan fanmi “lang kreyòl” la san prejij ras ak etni, san yo pa limite zòn geografi ke yo kwè lang sa yo ka parèt sou yon kout bòlèt, san rezon lojik.Yon lang kreyòl[1] se yon lang natirèl ki vin fèt lè ou melanje plizyè lang pou yo vin fè yonn, nan yon ti kras tan, ak yon gramè fasil.[2] Anpil fwa, se yon lang pidjin ki vin tounen yon lang apa. Konsèp lang kreyòl ta vle sanble ak konsèpt lang melanje oswa lang miks yo, epoutan, yo pa menm. Men poukisa yo pa menm ː[3]

Gramè lang kreyòl yo estab, gramè a byen tabli, byen chita.
Lang kreyòl yo gen yon bann ak yon pakèt mo vokabilè, yon leksik ki byen chita.
Lang kreyòl se yon seri de lang ki pase soti nan manman ak papa desann bay pitit, apre sa pitit-pitit elatriye. Se premye lang yo aprann pale.[4]
Nou pa konnen konbyen lang kreyòl egzak ki egziste nan mond lan. Men depi ane 1500 yo, genyen plis pase 100 lang kreyòl vin fèt. Pifò se lang ki fèt ak lang ki soti sou kontinan Eròp yo, tankou lang Angle ak lang franse.[5] Se paske nan peryòd sa, lèzòm te vini ka fè pi bon bato. Lèzòm te vini aprann navige bato plis byen. Sa vini fè ke peyi nan kontinan Eròp yo te nan sa yo rele laj pou eksplorasion oswa Laj pou dekouvri an, ak esklavaj Atlantik.[6] lan, kote yo te ka ale lòt bò dlo pou vann oswa achte machandiz. Pou yo te ka fè komès ak moun ki pa pale menm lang ak yo, yo te vini fè yon lang ki plis fasil, plis senp pou yo kominike. Lang sa yo, yo rele yo pidjin, yo sanble ak konsèp lang melanje yo. Men lè yo vini tabli, lè yo byen chita, lè yo stab, yo vin bay kategori lang kreyòl yo. Se pa sèl lang peyi sou kontinan Ewòp la ki fè lang kreyòl. Pou nou pran egzanp, genyen kreyòl ki fèt ak lang arab ak lang chinwaz. Jounen jodi a, se kreyòl Ayiti a ki gen plis moun ki pale. Se plis pase 10 milyon moun ki pale li, epi se premye lang yo aprann pale.[7]

image