Jou4
Aktivite1
#pòs
Lang Kreyòl se yon bèl eritaj ki sòti nan melanj kilti ak istwa nou kòm pèp.
Nan moman esklavaj la, moun Afriken ki te depòte ann Ayiti te pote ak yo lang, koutim, ak lespri rezistans.
Nan lakou ak nan plantasyon, yo te kreye yon langaj ki pèmèt yo kominike, reziste, epi ede youn lòt. Se la Kreyòl te pran rasin, kòm yon lang fyète, yon lang eritaj, epi jodi a, li se yon zouti ki rasanble nou tout.
Pale Kreyòl, se fè onè ak istwa nou. Se selebre fòs nou kòm yon pèp ki toujou reziste, kèlkeswa obstak yo.
Ann kontinye kenbe rasin sa yo vivan, paske Kreyòl plis pase yon lang, se yon idantite!
#rasinkreyòl
#istwanoufòsnou
#kreyòlpoulavi
#konkou #kwaaze