#jou3 #aktivite3

"Lè Kreyòl fè diferans nan lavi sosyal"

Gen yon bagay espesyal nan lang manman w, li ba w yon sans koneksyon ki depase mo. Dènyèman, pandan m t ap travay sou yon pwojè kolèk de fon pou yon aktivite sosyal nan kominote a, mwen te fè eksperyans pouvwa Kreyòl nan tout dimansyon li.

M te prepare tout bagay an franse, men lè m te kòmanse pale avèk moun yo nan lang Kreyòl, tout bagay chanje. Anpil moun ki te ezite vin patisipe te santi yo pi alèz e pi ouvè pou diskite sou aktivite a. Yo te konprann misyon an pi byen, yo te wè ke nou ap travay pou byennèt tout moun, e sa te fè yon diferans. Patisipasyon an te ogmante, epi kolèk la te reyisi pi vit pase m te espere.

Yon fwa ankò, eksperyans sa fè m konprann ke lang Kreyòl la se plis pase yon mwayen kominikasyon, li se yon zouti ki konekte nou , ki ini nou e ki ede nou reyalize bagay nou pa ta menm panse.

Pa bliye, ou pa bezwen chanje lang ou pou fè yon diferans...

#konkou #kreyòl #kwaaze