AKTIITE J-3 PWOMOSYON LANG KREYÒL
"LISTWA VA DI BYEN SOU AVNI LANG KREYÒL"
GEN PROGRÈ POU KREYÒL LA DEMEN !!
Yon lang ki konte 13 milyon moun k ap pratike l, se yon siy rekò pa rapò ak lòt lang.
Nan yon rapò inivèsite LAVAL fè sou ansanm lokitè kominote kreyòl la ( moun ki pale lang sa) Haiti poukont li konte 7 milyon pou epòk la, Matinik 380 mil, Gwadloup 425 mil, Sen Batèlmi 1000, Sen Lisi (Saint Lucie) genyen tou La Dominik 57 mil yo konte Luizyàn ( Louisiane) nan kominote a tou.
Otan kominote kreyòl la ap grandi se otan gen plis kwasans ak progrè pou lang kreyòl la. An 2016 nan peyi Kanada (Canada) zòn TORONTO genyen 4690 moun ki deklare lang sa kòm lang manman ak papa yo. Byen avan sa, nan lane 40, kominote ti antiy yo kreye ACRA ANTILLES kote antiyè reyini konesans yo pou progrè lang kreyòl yo pratike a.
Jodiya genyen anpil paj pwomosyon lang sa sou rezo sosyal yo, genyen kreyasyon platfòm aprantisaj ak pwomosyon tou, san bliye aktivite ki louvri rido sou lang kreyòl la nan la kilti, teyat elatriye...
Genyen avni pou kreyòl la !!!
#kaw#detaylakayontwitter#aka#kwaaze#tichèzbaalterpress#lequotidien#c3edition
Claudemay PIERRE
Delete Comment
Are you sure that you want to delete this comment ?