Raynold ANTOINE    shared a  post
2 yrs

Jou#3 avni lang kreyòl la

Ayiti premye repiblik nwa endepandan men sete yon gwo kalòt gwo peyi kite gen gwo lame yo nan mond lan te pran. Pou n te rive genyen gwo batay sa a se tout yon ansanm pwosesis , fòmasyon , teknik ki te pèmèt lame ki te plis fragil yo fè bèk atè devan nou .

Men gwo sakrifis sa a te rive fèt se gras ak lang kreyòl la esklav yo te rive kreye ki t ap fé yo , genyen yon inite, mete tèt yo ansanm pou yo vin fò.
Lang kreyòl la te jwe yon gwo wòl nan devlòpman peyi prèske nan tout domèn.
Souflèt marasa sa a vin fè gwo peyi enperyalis yo ap reflechi sou avni Ayiti. Kesyon ki nan tèt yo pou yo domine nou se: èske n ka kite ti pye atè, gwo zòtèy sa yo rive pli lwen?
Pou yo rive krache sou gwo sakrifis sa a, gwo batay sa se ak edikasyon nou yo pase kote yo montre nou pale lang etranjè tankou fransè vle di moun eklere epi pale kreyòl vle di nèg sòt kote sa rive etabli nan enstitisyon nou yo ki se ògàn ki te ka pwopaje lang kreyòl la .


Vin genyen kèk òganizasyon trè koni nan peyi a tankou mouvman peyizan papay (MPP) ki vin konprann sa k ap fèt la epi yo vini ak edikasyon popilè kote y ap fòme peyizan, jèn yo epi fè yo fè aktivite kiltirèl nou yo nan lang kreyòl la kote nou pral jwenn kèk platfòm tankou Kwaaze k ap fè yon travay teknolojik kote tout mond lan ap touche kote n ap jwenn kèk, atis nou yo k ap pèfòme nan lang yo , ekriven nou yo , mouvman, òganizasyon, asosiyasyon, gwoup jèn , journal , radyo ,epi pitit peyi a ki nan plizyè nivo swa andan oubyen deyò peyi a k ap batay pou pouse lang kreyòl pi devan. Se gwo efò sa yo k ap fèt pou lang kreyòl la rete kòm zouti dirab k ap vin fè fyète tout ayisyen pou m pa di tout nwa.

Tout travay sa yo montre klè nan je moun sou tè a lang kreyòl la genyen yon avni kontinyèl k ap fèt epi k ap kontinye fèt.

Se lang kreyòl la k ap chanpyon !!!!!!!!!!!!!!!!!!

Jou# 2
Yon pwofesyon se yon metye enpòtan nan vi a.
Aprann yon pwofesyon nan lang ou l ap pèmèt ou ale pli rapid epi pli vit. Aprann pwofesyon nan lang ou ap pèmèt ou pote yon pakèt chanjman ak inovasyon. Granmoun yo transmèt kouti a ak pitit yo san yo pat ale lekòl gras ak lang yo, yonn konprann lòt.

image