Enpotans Lang kreyol la nan lavi'm?
Lang kreyol la vrèman enpotan paske li jwe yon kominikasyon Ak komèsyal. Kreyol se lang ofisyèl peyi Dayiti e li se lang manman nou AK zansèt nou yo , Gen plizyè rezone yo paka jistifye pou kisa yo abandone yon lang ki si rich ke sa kreyol se yon lang pwolifik ki gen pwòp gramè li AK vokabikè li, malerezman anpil moun pa gen konsyans de sa yo prefere gen prejije sou lot lang tankou anglè AK fransè nan lide yap itil yo.
Anpil inyore ke kreyol Ayisyen gen yon enpak pozitif nan devlopman pèsonèl timoun yo,sou plan entèlektyèl, sosyal,edikatif e menm ekonomik.
Kreyol se dènye kòdon onbikal ki relye nou AK patri nous. Pale kreyol se yon fason pou valorize kilti AK patrimwàn se pa pou anyen yo rele'l lang vivant.
Kreyol représente anpil bagay nan lavi'm li fè'm sonje rasin Mwen orijin Mwen AK ki kote'm soti. Se sak fè Mwen antanke kreyol dwe kenbe tet Mwen e ranje kò'm pou pitit Mwen ka Fyè ke yo se kreyol.
Sa map konseye yon paran Toujou fè timoun yo sonje kibo yo soti e rasin yo menmm si yo fèt aletranje @
