#jou2
●Istwa

Mwen sonje an 2019 mwen tap travay Sant Gheskio ki te sou bisantnè , mwen te ajan teren avan apre mwen vin sipèvizè epi operatè kap antre enfòmasyon sou sistèm nan ,men mwen te vin gen email mwen toujou ap voye epi resevwa, email tout moun se te toujou fransè nan email pam yo te toujou gon idantite apa,toujou gon kreyòl nan fen an menm sim fè tout tèks la an fransè nan fen an map ekri "mèsi bon lajounen" .... gen kòlèg ki te konn mande mwen poukisa mwen renmen fèsa , mtoujou di kreyòl se lang nou, nan objektif pou yo pa panse se fransè mpa konn ekri mwen pase tout mesaj yo an fransè men kreyòl pam nan lap nan fen kanmenm. Ebyen se apre sa mwen tap fèa pral parèt enpòtan, kote gen dokiman pou fè ankèt sou yon pwojè kite vini nan lang anglè ,men (google translate) pat ka bay bon jan kreyòl yo pou te kapab poze pasyan yo kesyon an byen nan kontèks yo te bezwen li a pou pasyan kapab konprann sa yo dil la , se depi lè a, yo toujou fè apèl ak mwen pou mete tèks yo nan bon kreyòl, ak kontèks nòmal yo pou kapab poze pasyan yo bon kesyon epi jwenn bon repons pou reyisit ankèt la .....

tout sa gras avèk 3 mo e mwen pat kache eksprime lanmou m pou lang mwen kise kreyòl

se nou chak ki pou mete men ki pou fè valè lang nou, menm jan ameriken an chak maten lèl pase kote w li diw "Good morning" ou chache konprann sa li di w la ,se menm jan ou ka pase chak maten tou di l "Bonjou" pase bon jounen" on bon lè swa lap chache konprann oubyen lap mandew kisa li vle di !


#konkou #kreyòl #wilson #kwaaze

image