Raynold ANTOINE    مشترکہ a  پوسٹ
2 سال

Jou#2

Kijan lang kreyòl la ka sèvi pou inove nan teknoloji ?

Depi w ap pale de inove ou wè vini ak lòt bagay nouvo k ap pèmèt ou ale rapid parapò ak sa ki te ansyen yo.
Depi ou di teknoloji ou wè se zouti, metòd w ap itilize nan diferan domèn .

Kounya li enpòtan pou n al gade yon edikasyon nou genyen nan yon lang etranjè kote zouti teknolojik yo se nan lang etranjè yo ye kote se fòse n ap fòse pou n manipile yo paske majorite ayisyen k ap viv nan peyi pa konn anyen nan lang etranjè sa yo genyen k ap fè ti efò yo men anpil nan yo se defòme yo defòme lang sa yo, yo pa menm ka pwodwi anyen nan yo vre. Se kraze y ap kraze tèt yo sa vin fè travay pou yo te fè nan yon jou se nan plizyè dizèn jou yo rive fè l nan Kole pyese.

Yon ekzanp ki klè pou yon ayisyen remèt yon bon memwa ki di l fini etid li se yon gwo pwoblèm nan tout peyi a .

Pou ayisyen , nan tèt pal li wè tout sal teka fè poul amelyore oubyen vini ak yon pakèt nouvo bagay ki t ap itil sosyete a men lang enpòte yo ak zouti teknolojik yo domine nou sou tout fòm .

Lang sa yo Vin diminye entèlijans ak kapasite nou sou tout fòm ak nan tout domèn.


Kounya si tout aparèy teknolojik yo fabrike nan pwòp lang nou epi edikasyon nou edike nou nan lang nou ebyen l ap fasil pou n devlope talan nou ki pral ede nou vin ak nouvo bagay ki pral sèvi nou kòm inovasyon nan teknoloji.

Raynold ANTOINE    اپنی پروفائل تصویر تبدیل کر دی
2 سال

image