AKIVITE-J2 / PWOMOSYON LANG KREYÒL
"Tèks kreyatif sou sèvis kreyòl nan inovasyon teknoloji"
Inovasyon se yon prosesis kreyasyon ki ale nan yon sans pozitif pou kreye richès, pou kreye valè.
Inovasyon, se ekspresyon panse pandan y ap itilize yon sistèm teknik pou reponn ak yon bezwen kèlkonk.
Lang kreyòl la retni ofisyèlman pou yon kominote kantifye, yon kominote karibeyen ki posede yon richès sou konpleksite, varyasyon aksan ak melanj. Se yon zouti koneksyon ki ka sèvi nan reyalizasyon avansman ak progrè nan kreye nouvote ki patko la oswa ki te la deja k ap remanye nan yon fason.
Sou platfòm pwomosyonèl ki vize edikasyon, kilti, komès elatriye... lang kreyòl la ka sèvi kòm pòt antre epanouyisman resous moun ki nan kominote kreyòl la k ap chèche opòtinite kwasans, avansman, progrè ki adapte ak evolisyon mond lan itil pou sosyete lokal la nan divès sektè nan lavi nasyonal la.
#kwaaze#kaw#akademilangkreyòlla
Claudemay PIERRE
Yorum Sil
Bu yorumu silmek istediğinizden emin misiniz?