Aktivite promosyon lang kreyòl J-1
KI ENPÒTANS LANG KREYÒL GENYEN NAN LAVI M?

Mwen se yon fanm nwè, mwen se ayisyen natif natal !!
YON LANG, YON IDANTITE !!

Depi nan lane 1987, lang kreyòl deklare ofisyèl nan peyi d Ayiti.
Se 12 milyon moun ki pale lang sa nan yon peyi kote se 18% senpman nan popilasyon an ki pale fransè. Genyen tou 2 milyon nan vwazinay zantiy yo (Gwadloup / Matinik / Giyàn ) ki pratike kreyòl.
Mwen fyè pou m idantifye m kòm kreyòl chak fwa m ap pratike l, ekri l, defann li tou.
An depi orijin baz leksikal lang kreyòl la ki soti nan fransè ak enfliyans panyòl, Tayino, Anglè, Afrik de lwès, chak fwa mwen tande kreyòl, mwen genyen yon konpreyansyon ki louvri ki fè m konprann sa ki ap di, sa ki ap fèt, sa ki egziste !!
Kreyòl se idantite m, se nanm mwen, se mwen !

#unesco#aka#kwaaze#edikasyonnasyonalayisyen

Charles Steve

image