KWAAZE    delte en  stolpe
1 Y

#enpòtan

Men yon ti "Rezime" sou gran pwen ki parèt nan kalandriye aktivite Konkou Kontni An Kreyòl kwaaze a.

1. Dire konkou a: Konkou a ap dire 8 jou, soti 21 rive 28 oktòb, ak yon seri travay diferan chak jou.

2. Kantite travay chak jou:
Chak jou, patisipan yo pral fè 4 travay ki mande kreyativite ak angajman. Travay sa yo gen ladan yo:

Piblikasyon pòs an Kreyòl.

Kreyasyon meme kreyatif ki pwomouvwa kilti kreyòl.

Kreyasyon hashtag pou ankouraje diskisyon sou diferan tèm yo.

Pataje istwa, refleksyon, ak motivasyon ki antre nan lang Kreyòl la.

3. Kontabilizasyon pwen yo:

Chak travay vo 25 pwen.

Chak patisipan ka fè jiska 100 pwen chak jou si tout travay yo fèt avèk siksè.

Pou pase nan Top epi benefisye Pwen Jiri yo chak patisipan dwe jwenn omwen 60 pwen sou 100 pwen total chak jou.

4. Evalyasyon travay yo:
Travay yo ap evalye sou kreyativite, kijan yo respekte tèm nan, bèl prezantasyon lang Kreyòl ak bèl vizyèl epi enpak yo sou pwomosyon lang kreyòl.

5. Objektif konkou a: Travay yo fèt pou mete aksan sou pwomosyon lang Kreyòl nan diferan aspè, tankou edikasyon, devlopman kominotè, antreprenarya, ak inovasyon dijital.

Se yon bèl espas pou patisipan yo eksprime talan yo epi kontribye nan ranfòsman prezans lang Kreyòl la nan kominote a pandan yo ap travay San kanpe pou rive genyen diferan pri yo.

Mèsi

Viktwa Pou Kreyòl la!

#konkou
#kontni
#kreyòl
#kwaazea

image