Kisa Ki Yon Lang?
Yon lang se yon sistèm kominikasyon ke moun itilize pou yo ka pale, ekri, li, ak konprann youn ak lòt. Lang la gen plizyè pati enpòtan tankou mo, fraz, ak règ gramatikal ki bay sans a sa n’ap di. Chak pèp oswa nasyon gen pwòp lang pa yo ki reflete kilti ak idantite yo. Pa egzanp, lakay nou Ayiti, nou pale Kreyòl ki se yon lang ki pote listwa ak tradisyon nou. Yon lang se pi gwo zouti ki pèmèt nou kominike epi pataje konesans, panse, ak santiman nou ak lòt moun. Se pou sa li enpòtan pou nou respekte epi pwoteje lang nou yo, paskel se yon pati esansyèl nan kilti nou.
#defikreyòl
#mwaoktòb
#mwakreyòl




Kao
Komentar
Udio