Gade yon rév mw fé🧖🏾♂️
M reve m wé Ayisyen respekte Ayisyen paréy yo!🙏🏾
M reve m wé Ayisyen respekte lé konnya !🧭
M wé Ayisyen sispann rayi Ayisyen paréy yo pu anyen ankò !🙅🏾♂️
M wé pa gen raketé Anba lavil ankò !🙅🏾♂️
Aprè sa m wé tut medya Ayisyen yo antann yo !🫂
Pasté ak oungan Antann yo !🫂
Rév lan tèlman bél mwen wé se sipliye Dominiken ap sipliye Ayisyen pu rantre Lakay yo San viza men nu pa vle Ayiti vin pi bon pu Viv ke Lakay yo !👏🏾
Pi devan m wé tut nég ak Zam illégal yo deside remét tut Zam e rantre nan lame Ayisyén nan pu sekirite peyi an !👮🏾♂️
M wé pat gen kesyon nég nwé nég blan 👨🏿👨
M wé pa gen lekol bujwa lekol Malere !🫂
Sak t fém plis kontan séke m t wé manje pat liks pu ayisyen ankò ,Chak mun t Jwnn yon travay pu yo fé !👨🏾🌾👨🏾🏫👨🏾🏭👨🏾🚒👷🏾♂️🤹🏾♂️🤵🏾♂️👨🏾🔬
Djaspora t arive fé Yon ti kanpe su voye transfé 10 Dola AK 20 Dola pu rezud pwoblm Grangu an ak sispann voye minit Paske Ayisyen pat nan nesesite sa ankò !🙅🏾♂️
Pandan rév lan pi gu an se Konsa yo bay Kuran 24/24 lan épi men radyo 📻Lakay lan ki te tu ret luvri su Karayib, radyo an biw épi m pantan jem klé !🙍♂️
Lém gade m wém gen 9 Prezidan pu vin piye ti rés ki te rete nan kés leta a !😭😭😭😭😭rév lan vin konvéti an pi move rév m te ka fé paskem pansem t nan reyalite an !😭😭😭
#revolisyonandwefét#
#sukwaaze#
Jean Eddy Boniface !