kwaaze.com kwaaze.com
    高级搜索
  • 登录
  • 登记

  • 日间模式
  • © {日期} kwaaze.com
    关于 • 目录 • 联系我们 • 开发者 • 隐私政策 • 使用条款 • 退款 • Submit a Deletion Request

    选择 语

  • Arabic
  • Bengali
  • Chinese
  • Croatian
  • Danish
  • Dutch
  • English
  • Filipino
  • French
  • German
  • Haitian creole
  • Hebrew
  • Hindi
  • Indonesian
  • Italian
  • Japanese
  • Korean
  • Persian
  • Portuguese
  • Russian
  • Spanish
  • Swedish
  • Turkish
  • Urdu
  • Vietnamese

手表

手表 卷轴 电影

活动

浏览活动 我的活动

市场

最新产品

页面

我的页面 喜欢的页面

更多的

论坛 探索 热门帖子 游戏 工作 优惠 资金
卷轴 手表 活动 市场 我的页面 看到所有
Thomas Elisabeth Ninechara
User Image
拖动以重新放置封面
Thomas Elisabeth Ninechara

Thomas Elisabeth Ninechara

@3ab661964
  • 时间线
  • 团体
  • 喜欢
  • 下列的 21
  • 追随者 6
  • 相片
  • 视频
  • 卷轴
  • 产品
21 下列的
6 追随者
1 帖子
男性
14 岁
住在 Haiti
image
Thomas Elisabeth Ninechara
Thomas Elisabeth Ninechara  分享了一个  邮政
1 是

Guyvenson Mike Gustave
Guyvenson Mike Gustave  
1 是

#jou3 #aktivite1
Lang kreyòl la se youn nan pi gwo eritaj kilti ak istwa Ayiti. Malgre defi ak diskriminasyon li te fè fas pandan plizyè syèk, kreyòl la kontinye montre kapasite li pou li siviv ak devlope. Nan epòk nou ap viv la, kreyòl pa sèlman reprezante yon zouti kominikasyon, men li se yon motè pwogrè nan plizyè domèn enpòtan nan lavi sosyete a, tankou edikasyon, teknoloji, ekonomi, ak kilti. Nan tèks sa a, n ap egzamine ki jan kreyòl la ap pran plas li kòm yon lang ki gen yon avni solid, espesyalman nan sistèm edikatif, inovasyon teknolojik, ak pwomosyon kiltirèl. Nou pral wè kijan soutyen gouvènmantal, adaptasyon ak nouvo itilizasyon entènasyonal yo, ap kreye yon chemen klè pou kreyòl la fleri ak vin pi rekonèt ni anndan ni deyò peyi a.
 
 1. Edikasyon
Kreyòl la ap pran plis plas nan sistèm edikatif la Pou kounya yo distribiye anpil liv batize liv inik nan plizyè lekòl leta.
Gen kèk inisyativ, tankou Lekòl Kominotè ak pwogram alfabetizasyon an kreyòl, ki itilize lang lan pou pèmèt timoun yo aprann pi byen. Avèk plis itilizasyon kreyòl nan liv, zouti dijital, ak pwogram edikatif, lang lan ka ranfòse kapasite elèv yo .
 
 2. Teknoloji
Teknoloji ap ofri nouvo opòtinite pou lang kreyòl la avanse. Gen aplikasyon mobil, sitwèb, ak lojisyèl an kreyòl k ap ede fè lang lan vin pi aksesib nan mitan itilizatè yo.
Pa egzanp, aplikasyon  « Duolingo » ki entegre lang kreyòl la an patenarya avèk plizyè restoran ayisyen nan peyi etazini (Sous Gilles Justin sou Loop News) .
 Platfòm edikatif an kreyòl sou entènèt la tankou Kaw Academy  ke Mike Bellot kreye pou nou ka genyen bon jan konpetans solid nan domèn finans, jesyon pwojè ,enfòmatik  , ak resous dijital  sou biznis ak yon pakèt lòt domèn ki pèmèt itilizatè yo kominike epi jwenn enfòmasyon nan pwòp lang yo.
 Menm jan avèk platfòm Kwaaze ya ki ap ankouraje moun kreye kontni nan lang kreyòl la ak misyon pou mennen li sou fwontyè dijital.
 
 3.Avni nan  Ekonomi ak Biznis
Nan biznis lokal ak ekonomi, kreyòl se lang prensipal moun kominike.  Sitou ti antrepriz yo, yo itilize kreyòl pou yo jwenn plis konfyans nan men kliyan yo. Nan maketin yo itilize kreyòl nan anons ak kanpay piblisitè pou pwodwi lokal yo kapab plis atire epi li amelyore pwosesis lavant. Yon egzanp ki kle se pwomosyon pwodwi agrikòl, atizanal, ak sèvis lokal yo, kote kreyòl sèvi kòm lang esansyèl nan relasyon ant komèsan ak kliyan yo.
 
 4. Kilti ak Mizik
Kilti ayisyen an rich,  kreyòl jwe yon wòl esansyèl nan tout aspè li. Mizik ayisyen, tankou Konpa ak Rasin,  fè pwomosyon pou kreyòl la sou sèn entènasyonal la. Jan Mizisyen tankou defen Mikaben, Wyclef Jean, Friday  ak anpil  lòt atis ayisyen pote kreyòl nan mizik yo, sa kapab fè lang lan vin plis rekonèt atravè lemond. Kreyòl se lang ki itilize nan pwezi ak nan  videwo komedyen yo ki gen tout kalite nasyon kap konsome yo , ak festival ayisyen yo ki difize ak tout mond lan , sa ki fè li tounen yon fòs kreyatif ki vivan nan kilti a.
 
 5. Soutyen Gouvènmantal ak Lajistis
Soutyen gouvènman an gen yon gwo enpòtans pou pwomosyon lang lan ak avni li . Lwa ak règleman ki mande itilize kreyòl nan sistèm lajistis la ede asire tout moun gen aksè egal ego nan tribinal yo. Dokiman ofisyèl, tankou konstitisyon an gen vèsyon an kreyòl , epi sèvis piblik yo kòmanse adapte yo pou sèvi popilasyon an nan lang natif natal la. Sa fè lang lan vin yon zouti kominikasyon santral nan lavi sosyal ak administratif peyi a .
 
 6. Itilizasyon Entènasyonal
Plizyè Ayisyen ki gen yon prezans entènasyonal ap pote lang kreyòl la sou sèn mondyal la. Anplis mizisyen, atis, ak foutbolè ayisyen, gen enstitisyon entènasyonal ki kòmanse rekonèt enpòtans lang kreyòl la e menm gen kèk lekòl nan lòt peyi ki kòmanse entegre lang kreyòl la tankou « Rolling Green Elementary  School » yon lekòl nan « Boyton Beach »nan eta « Floride » ki pwopoze yon pwogram bileng kreyòl-anglè pou elèv li yo  (Sous Gilles Justin sou  Loop News) . Kreyòl ap itilize nan konferans mondyal, ak nan dyalòg sou dwa lengwistik ak kilti, sa ki ba li plis valè sou sèn entènasyonal la.
 7. Adaptasyon ak Kreye Nouvo Mo
Yon aspè esansyèl nan avni kreyòl la se adaptabilite li. Nouvo mo ap kreye nan domèn syantifik, teknolojik, ak sosyal. Pifò lang ki bezwen rete vivan dwe adapte yo ak chanjman modèn yo, e kreyòl montre yon gwo kapasite nan domèn sa a tankou lè nou itilize mo tankou "òdinatè", "telefòn", "imèl" an kreyòl. Lang lan kontinye ap evolye pandan li kenbe rasin kiltirèl li yo, sa ki asire avni li.
 
Avni yon lang depann de kapasite li pou li rete vivan atravè itilizasyon chak jou, adaptabilite, epi sipò estriktirèl, tankou soti nan gouvènman ak enstitisyon yo. #konkou #kreyòl #kwaaze

image
喜欢
评论
加载更多帖子

取消好友

您确定要取消好友关系吗?

举报该用户

编辑报价

添加层








选择一张图片
删除您的等级
确定要删除此层吗?

评论

为了销售您的内容和帖子,请首先创建一些包。 货币化

钱包支付

付款提醒

您即将购买商品,是否要继续?

要求退款