#jou4 #aktivite2
#konkou #kreyòl #kwaaze

Kontribisyon atis ayisyen yo nan devlopman lang Kreyòl la, sòti nan jazz, mizik rasin, rive jiska mizik popilè jodi a, se yon poto mitan nan idantite ak kilti pèp la. Atis sa yo itilize Kreyòl la kòm yon mwayen pou eksprime lavi yo, batay yo, ak espwa yo, pandan y ap pote lang lan pi lwen pase limit nasyonal yo.
 
Nan ane 1940 ak 1950 yo, jazz te gen yon gwo enpak sou mizik Ayisyen an. Gwoup tankou « Jazz des Jeunes », « Orchestre Septentrional » ak « Orchestre Tropicana » te melanje ritm tradisyonèl ayisyen ak jazz ameriken pou kreye yon son orijinal .
Issa El Saieh yon mizisyen ak dirijan jazz, ki te kontribye anpil nan richès sonorite sa a, kote li fè Kreyòl la vin enstriman kominikasyon ak ekspresyon atistik nan mizik li.
 
Anplis jazz la, mouvman mizik rasin lan nan ane 1980 yo te pote yon lòt dimansyon nan devlopman Kreyòl la. Boukan Ginen , RAM ak Boukman Eksperyans te melanje ritm vodou, mizik tradisyonèl ayisyen, ak son modèn pou kreye yon fòm mizik ki konekte dirèkteman ak rasin Afriken ak ayisyen pèp la. Atravè chante yo, atis sa yo mete Kreyòl la nan sant ekspresyon yo, itilize l pou pale de istwa, espirityalite, ak batay pèp Ayisyen an. Chante tankou "Ke'm Pa Sote" te montre kapasite Kreyòl la pou sèvi kòm lang revolisyonè ak reziyenasyon kont sistèm opresyon.
 
Lè nou rive nan atis modèn tankou Mikaben, Wyclef Jean, Rutshelle Guillaume ak yon pakèt lòt gwoup mizikal nan peyi ya , yo tout pran flanbo sa a epi pote Kreyòl la pi lwen nan mond lan. montre ke lang lan se yon fòs ki depase fwontyè. Menm jan ak tout lòt gwoup mizikal yo kap pote kreyòl la nan mond lan tankou( T-Vice ,Djakout ,Klass, Harmonik,  Nu-Look,  Carimi ki te yon gwo gwoup anvan yo te disoud ,Tabou Combo, Disip de Gazzman Couleur , Zenglen , Kreyol La) pou nou  site sa yo sèlman.
 
Mizik Kreyòl la se yon vwayaj k ap kontinye, ki te kòmanse avèk mouvman jazz yo, travèse mizik rasin lan, epi rive nan nouvo jenerasyon atis sa yo ki kontinye fè Kreyòl la briye atravè lemond. Avèk chak nòt, chak pawòl, lang Kreyòl la ap grandi, li ap enspire, epi li ap ranfòse yon idantite ki chita sou rezistans ak kreyativite.

image