Jodia 10 oktòb, se jounen mondyal lasante. Depi plizyè lane, yo mete dat sa pou nou rive reflechi sou rapò ki egziste ant kò a ak tèt la/lespri a nan zafè lasante. Gwo savan yo aprè anpil rechèch yo fè yo rive fè kom konklizyon ke tèt la/lespri a peze anpil pou kò a, si w pa byen nan tèt, lespri w pa anpè, vle pa vle kòw ap peye konsekan lan kanmèm.
Se pou sa, mwen pase di nou pran swèt tèt nou, pran swen lespri nou, pran swen moun ki nan ozalantou nou. Paske ou pa janm finn konnen vre sa lòt la ap travèse, menmsi nou te zanmi, fanmi oubyen moun ou fenk kwaze. Pa neglije ede moun ki mande w èd li, li pa bouche je w, ni zòrèy pouw pou w pote èd menm lè lòt la pa gen kouraj mande w sa, men toujou gen de siy ki ap montre w. E si toutfwa ka a ta depase w, ma neglije fè moun nan rive jwenn yon pwofesyonèl, yon moun ki ka ofri l tout atansyon ka li merite. #pranswentètnou #pranswenyounlòt.
#langkreyòl
#mwakreyòl
# kontnikreyòl